Sa rive tou…

Gen bagay, se sèl nan fim pou w ta wè yo. E se pa nenpòt fim! Se pa fim ou ka envite yon gwoup baz ou vin gad avè w… sof si… Bon, nou ka di se pa fim ou pral gad nan sinema. Pòno mezanmi, se lakay ou, ou gad sa. Bondye wè nèg ki al gad pòno sou wifi legliz la. M ap priye pou patwon an pa janm kenbe sila k ap gade l nan biwo yo. Bon, m panse n konprann mwen. Gen bagay se sel nan pòno w ap wè yo. Tankou la, pou w ap fè lanmou ak zanmi menaj ou, epi menaj ou bare w… tonnèboule m, fanm Pòtoprens tap kraze ni ou ni zanmi an! Ou tap cho wi frè! Fanm Potoprens pa jwe! Men medam nan pòno yo pi pasifik. T ap gen yon ti diskisyon tou piti epi l t ap twouve lanmou pi bel pase kraze brize. Ou konn gad pòno, pa vin pran pòz timoun ou la, se pa mwen ki pral eksplike w sa ki pase aprè.


Men mezanmi, se mwen k ap di nou, nou ka pa kwe m. Sa rive m deja pou m lakay la pou kont mwen ak sè m lan epi l vin di m Mélissa ap vin wè l.
Melissa se yon bon zanmi l. Epa ti madanm anfom pou sen kòb non… Lè m tande sa, m kouri al benyen. Li te preske inè, m pot ko benyen depi maten. M pat ka kite Melissa vin jwenn mwen konsa. Sitou sè m lan te di m li ka rive nan yon 5 minit. M kouri nan douch la. Epi pandan m pran chanpou an pou m lave cheve m, Melissa ak tout fòm koka l la sot kote l soti li paret nan lespri m. Chanpou pa fet pou lave cheve selman. Mande nèg ki chov yo kijan chanpou yo fè fini vit konsa. Si w pa kwe m toujou, mande Miki ki toujou tet kale, pou Kisa l toujou gen chanpou nan douch li. Kreyol pale kreyol konprann. M te byen lwen nan tout sa m tap imajine Melissa tap fè m yo… M te ka ap site non l tou, m pa konnen se petèt sa ki fè l te vin nan douch la

.
Nou pa mande m koze, se mwen k ap ba nou. Melissa te rive lakay la ak yon pipi byen cho ki te kenbe l, li annik rantre. li kouri nan twalet la, se pandan l ap pipi li rann li kont m te la. Se lè l mande m si se pa non l map site la, m wè l te la. Kijan pou m fe w imajine sèn sa la… Melissa chita sou bol la, pantalon l ak pantalèt li bese, l ap gade m ak ti tonton a nan men m… kom m pat reponn li, li mande m poukisa m kanpe, li te byen pran plezi gade m… m tap byen renmen di w sak te pase aprè si sè m lan pat leve m nan domi jou sa… gen bagay se pa sel nan fim w ap wè yo… ou ka wè yo nan rèv ou tou….

8 commentaires sur “Sa rive tou…

Laisser un commentaire